Fè Konpòs / Composting

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Resiklay se lè yon bagay vin tounen yon lòt bagay. Resiklay bon pou Latè.
Recycling is when one thing is made into something else. Recycling is good for the Earth.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite bagay ou kapab resikle oubyen fè tounen konpòs?
What kinds of things can you recycle or compost?

Amizman Lakay
Fun at Home

Envite timoun yo ekri oubyen desinen yon lis manje ki kapab tounen konpòs olye yo jete nan fatra.
Invite children to write or draw a list of foods they eat that can be composted instead of thrown away.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

Di li / Say It:
Konpòs / Compost

Esplike li / Explain It:
Konpòs se yon melanj fèy dekonpoze, fwi, ak legim ki sèvi pou fè tè ki nan yon jaden pi bon.
Compost is a mixture of decaying leaves, fruits, and vegetables that are used to make the soil better for a garden.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite fatra w ka mete nan yon bwat pou konpòs?
What kind of garbage can you put in a compost bin?

Di li / Say It:
Dezyèm men / Secondhand

Esplike li / Explain It:
Dezyèm men vle di yon bagay pa nouvo oubyen ki sèvi deja.
Secondhand means not new or used.

Pale de li / Talk About It:
Ki bagay dezyèm men ou ka achte nan magazen?
What secondhand items can you buy at the store?

Di li / Say It:
Fatra / Garbage

Esplike li / Explain It:
Fatra se manje oubyen lòt bagay ki pou jete.
Garbage is food or other things that are thrown away.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa li enpòtan pou nou jete fatra e pou nou pa kite fatra atè a?
Why is it important to throw away garbage and keep litter off the ground?