Solèy ak Lakansyèl/Sun and Rainbows

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lè li fè lapli, fòk nou mete jakèt lapli ak bòt lapli pou nou pa mouye.
When it rains, we need to wear a rain jacket and rain boots to stay dry.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa ki pase si nou soti deyò nan lapli a? Kisa nou ka mete pou nou rete sèch?
What happens if we go outside in the rain? What can we wear to stay dry?

Anviwom Vil La
Out on the Town

Yon jou lè li fè lapli, esplike kijan lapli tonbe sot nan nyaj yo. Si w mete bòt lapli, patoje e sote nan ma dlo yo.
When you encounter a rainy day, explain how the rain falls from clouds and onto the ground. If you are wearing rain boots, splash and jump in the puddles.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Solèy / Sun

Esplike li / Explain It:
Solèy la se etwal ki pi pre tè a. Latè resevwa chalè ak limyè nan solèy la epi solèy la ansèkle Latè.
The sun is the star that is nearest to the earth. The Earth receives heat and light from the sun and travels around it.

Pale de li / Talk About It:
Kijan tan an ye lè solèy la ap briye?
What is the weather like when the sun is shining bright?


Di li / Say It:
Ma / Puddle

Esplike li / Explain It:
Yon ma se yon ti rejyon likid, dabitid dlo, ki atè a. Timoun yo patoje nan ma ki te sou totwa a.
A puddle is a small area of liquid, usually water, on the ground. The children jumped in puddles on the sidewalk.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa timoun nan mete bòt lapli pou li patoje nan ma dlo yo.
Why is the child wearing boots to splash in the puddles?


Di li / Say It:
Lakansyèl / Rainbow

Esplike li / Explain It:
Yon lakansyèl se yon ak nan syèl la ki gen pliyzyè koulè ladan li. Gen de lè, ou kapab wè yon lakansyèl apre yon avès.
A rainbow is an arc of many colors across the sky. Sometimes you can see a rainbow after a rainstorm.

Pale de li / Talk About It:
Dekri lakansyèl la.
Describe the rainbow.