Blakawout/Blackout

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Yon blakawout se lè yon vil pèdi tout limyè li. Moun oblije sèvi ak flach oubyen balèn pou yo ka wè lè gen blakawout.
A blackout is the loss of all the lights in a city. People need flashlights or candles to see during a blackout.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan nou fè wè lè deyò a fè nwa?
How can we see things when it’s dark outside?

Amizman Lakay
Fun at Home

Ankouraje timoun ou desine yon bagay enteresan ke li ka fè lè gen yon blakawout.
Encourage your child to draw a picture of something fun he or she could do during a blackout. Ask your child to describe their picture.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Fè nwa / Dark

Esplike li / Explain It:
Fè nwa vle di ke pa gen anpil limyè oubyen pa gen limyè ditou. Syèl la fè nwa lannwit.
Dark means to have little or no light. The sky is dark at night.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa syèl la fè nwa lannwit?
Why is the sky dark at night?


Di li / Say It:
Flach / Flashlight

Esplike li / Explain It:
Yon flach se yon limyè piti ke w ka kenbe nan men ou. Pi fò flach sèvi ak pil.
A flashlight is a small light you hold in your hand. Most flashlights are powered by batteries.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa li enpòtan pou w genyen yon flach nan kay ou?
Why is it important to have a flashlight at your house?


Di li / Say It:
Blakawout / Blackout

Esplike li / Explain It:
Yon blakawout se lè yon vil pèdi tout limyè li.
A blackout is the loss of all the lights in a city.

Pale de li / Talk About It:
Dekri foto yon blakawout.
Describe the picture of a blackout.