Zannimo Terès/Land Animals

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Yon kalite anviwònman terès se yon anviwònman montay. Gen kabrit ki viv nan anviwònman montay.
One type of land habitat is a mountain habitat. Some goats live in mountain habitats.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa w panse kabrit ta bezwen nan anviwònman montay? Poukisa montay se bon anviwònman pou kabrit viv?
What do you think goats would need to have in their mountain habitat?  Why would a mountain be a good habitat for a goat?

Amizman Lakay
Fun at Home

Desine pòtre yon kabrit. Dekri kabrit la e pale de ki kote li viv ak ki manje li renmen manje.
Draw a picture of a goat.  Describe the goat and talk about where the goat lives and the food the goat likes to eat.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Kabrit / Goat

Esplike li / Explain It:
Yon kabrit se yon zannimo ki gen pwal graj, zago, ak kòn. Fèmye fè elvaj kabrit pou lèt ak vyann.
A goat is an animal with rough hair, hooves and horns. Farmers raise goats for their milk and meat.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w konnen de kabrit?
What do you know about goats?


Di li / Say It:
Pon / Bridge

Esplike li / Explain It:
Yon pon se yon estrikti ki pase anlè yon bagay, tankou yon rivyè oswa yon wout pou moun ak/oswa bèt ka pase de bò a bò.
A bridge is a structure that goes over something such as a river or road so that people and or animals can travel from one side to the other.

Pale de li / Talk About It:
Dekri pon an.
Describe the bridge.


Di li / Say It:
Desann, bafre / Gobble

Esplike li / Explain It:
Bafre se lè w manje vit oswa nan yon jan ki visye oubyen fò.
To gobble is to eat in a fast, greedy, and sometimes noisy way.

Pale de li / Talk About It:
Ki manje w ta renmen bafre, sètadi, manje byen vit yon sèl kou?
What is your favorite food to gobble?