Vwayaje Ozalantou Vil La/Traveling Around the City

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen plizyè jan pou vwayaje otou vil la.
There are many ways to travel around the city.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan nou ka vwayaje otou vil nou?
How can we move around our city?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Lè w’ap vwayaje ozalantou vil la, ede pitit ou konstate diferan kalite transpòtasyon. Ede pitit ou idantifye yo chak e konpare sanblans yo ak diferans yo.
When you are traveling around the city, help your child notice different kinds of transportation. Help your child identify each one and compare how they are the same or different.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Vil / City

Esplike li / Explain It:
Yon vil se yon gwo lokalite enpòtan kote anpil moun viv e travay. Nouyòk se vil ki pi gwo Ozetazini.
A city is a large and important town where many people live and work. New York is the largest city in the United States.


Pale de li / Talk About It:
Dekri vil la.
Describe the city.


Di li / Say It:
Avyon / Airplane

Esplike li / Explain It:
Yon avyon se yon gwo machin ki vole; li gen zèl ak yon motè. Moun ka vwayaje nan avyon pou yo ale kote ki lwen.
An airplane is a large vehicle with wings that flies through the air and carries lots of people. People can travel to faraway places on airplanes.


Pale de li / Talk About It:
Kisa w t’ap wè deyo fenèt yon avyon lè w ladan li?
What would you see if you rode on an airplane and looked out the window?


Di li / Say It:
Bato avwal / Sailboat

Esplike li / Explain It:
Yon bato avwal flote sou dlo. Li bouje lè van vante kont vwal li yo.
A sailboat floats on the water. It moves when the wind hits the sail and pushes it along.

Pale de li / Talk About It:
Èske w t’ap ka itilize yon bato avwal pou w ale lekòl? Wi ou non? Poukisa?
Could you use a sailboat to get to school? Why or why not?