Diferan Kalite Pen / Types of Bread

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Pen kapab gen plizyè fòm ak gwosè.
Bread comes in many shapes and sizes.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite pen ou pi renmen? Poukisa? Ki gou li genyen?
What is your favorite type of bread? Why? What does it taste like?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w e pase nan yon makèt. Chache e dekri diferan kalite pen ke ou wè.
Take a walk around your neighborhood and stop at the grocery store or farmer’s market. Look for and describe the different types of bread that you see.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Pen / Bread

Esplike li / Explain It:
Pen se yon manje ki fèt ak farin, dlo, e ledven.
Bread is a food made from flour, water, and yeast.

Pale de li / Talk About It:
Dekri pen an.
Describe the bread.


Di li / Say It:
Pretzèl / Pretzel

Esplike li / Explain It:
Yon pretzèl se yon kalite pen ki fòme an fòm yon ne, apre sa li kwit nan fou e yo mete sèl sou li.
A pretzel is a type of bread that is shaped into a knot and then baked and salted.

Pale de li / Talk About It:
Èske w renmen pretzèl? Wi ou non? Poukisa?
Do you like pretzels? Why or why not?


Di li / Say It:
Kwit (nan fou) / Bake

Esplike li / Explain It:
Kwit (nan fou) se mete yon manje nan fou pou li kapab kwit. Nou kwit pen nan fou.
To bake is to cook something in the oven. We bake bread in the oven.

Pale de li / Talk About It:
Kisa ki rive pat pen an lè w kwit li nan fou?
What happens to the bread dough when you bake it?