Vwayaj Ann Ete/Summer Trips

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen fanmi ki pase vakans yo ap vizite fanmi ak zanmi.
Some families spend their summer vacations visiting family and friends.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa w renmen fè ak fanmi w e zanmi w lè ete?
What do you like to do in the summer with your family and friends?

Amizman Lakay
Fun at Home

Pale pitit ou de yon vwayaj ou te fè lè w te nan laj li. Ki kote w te ale? Kisa w te pi renmen de vwayaj la?
Tell your child about a trip you took when you were his or her age. Where did you go? What was your favorite part?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Galri / porch

Esplike li / Explain It:
Yon galri se yon estrikti oswa espas kouvri ki atache ak yon kay; li itilize kòm yon antre pou yon kay e souvan kòm yon kote pou repoze. Lè ete, mwen renmen chita deyò sou galri a.
A porch is a structure or covered space attached to a house; it is used as an entrance to a house and often as a place to relax. In the summer, I like to sit outside on my porch.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w panse moun yo ap fè sou galri a?
What do you think the people are doing on the porch?


Di li / Say It:
Ekiri / Stable

Esplike li / Explain It:
Yon ekiri se yon batiman kote moun kenbe cheval. Nan yon ekiri, atè a kouvri ak pay.
A stable is a building where people keep horses. The floor inside a stable is covered with hay.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa cheval bezwen yon ekiri?
Why do horses need a stable?


Di li / Say It:
Letan / Pond

Esplike li / Explain It:
Yon letan se yon kò dlo piti. Kanna yo renmen naje nan letan an paske dlo a pa fè vag.               
A pond is a small body of still water. The ducks like to swim in the pond because the water doesn’t make waves.

Pale de li / Talk About It:
Ki bèt ki viv nan yon letan?
What animals live in a pond?