Ti Bèt ak Ensèk/Bugs and Insects

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Ensèk genyen sis pye ak kal di sou kò yo.
Insects have six legs and a hard shell on their bodies.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki ensèk ou pi renmen, e poukisa? Ki kalite ensèk ou pa renmen? Poukisa?
What is your favorite insect, and why? What kind of insect do you not like? Why not?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Pandan ou ap mache nan kominote w, gade pou w wè si w jwenn ensèk nan plant ak nan pye bwa.
As you walk or drive around your community, look on plants and trees for insects. Help your child describe (color, shape, size, name if you know it) the insects you find.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Ensèk / Insect

Esplike li / Explain It:
Yon ensèk se yon ti bèt ki gen yon kal di sou kò li. Ensèk genyen sis pye.
An insect is a small animal with a hard covering over its body. Insects have six legs.

Pale de li / Talk About It:
Dekri ensèk yo, espesyalman fòm yo ak koulè yo.
Describe the insects, including their shape and color.


Di li / Say It:
Koksinèl / Ladybug

Esplike li / Explain It:
Yon koksinèl se yon ensèk piti ki vole. Zèl koksinèl wouj oubyen oranj, e yon genyen mak nwa sou yo.
A ladybug is a small, flying insect. Ladybug wings are red or orange with black spots.

Pale de li / Talk About It:
Dekri koksinèl yo, espesyalman fòm yo ak koulè yo.
Describe the ladybugs, including their shape and color.


Di li / Say It:
Podi / Beetle

Esplike li / Explain It:
Yon podi se yon ensèk ki gen yon pè zèl di pa deva ki kouvri yon pè zèl fen.
A beetle is an insect with a pair of hard front wings that cover a pair of thin wings.

Pale de li / Talk About It:
Dekri podi yo, espesyalman fòm yo ak koulè yo. Ki diferans ki genyen ant podi a ak koksinèl la?
Describe the beetles, including their shape and color. How is the beetle different from the ladybug?