Entwodiksyon a Rad / Clothing Introduction

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Nou mete diferan kalite rad pou sezon diferan.
We wear different types of clothes in different seasons.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Pale m de kijan tan an ye jodi a. Ki kalite rad nou dwe mete pou nou jwe deyò a?
Tell me about what the weather is like today. What clothing should we wear to play outside?

Amizman Lakay
Fun at Home

Fè desen tan ke w pi renmen an,  e ki rad ou dwe mete yon jou ki gen tan sa.
Draw a picture of your favorite type of weather and what to wear for that type of day.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Chapo / Hat

Esplike li / Explain It:
Yon chapo se yon kalite rad ke w mete sou tèt ou pou pwoteje kont solèy, fredi, oubyen lapli.
A hat is a piece of clothing you wear on your head to protect your head from the sun, cold, or rain.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa w panse tifi a gen yon chapo nan tèt li pandan li nan plaj la?
Why do you think the girl is wearing a hat at the beach?


Di li / Say It:
Jakèt / Jacket

Esplike li / Explain It:
Yon jakèt se yon palto ki kout oubyen lejè.
A jacket is a short or lightweight coat.

Pale de li / Talk About It:
Dekri jakèt ti gason an. Poukisa w panse li gen yon jakèt sou li?
Describe the boy’s jacket. Why do you think he is wearing a jacket?


Di li / Say It:
Parapli / Umbrella

Esplike li / Explain It:
Yon parapli pwoteje nou kont lapli ak solèy. Moun sèvi ak parapli si yo bezwen mache deyò nan lapli a.
An umbrella is used to shield us against the rain and sun. People use umbrellas if they need to walk outside in the rain.

Pale de li / Talk About It:
Dekri parapli tifi a. Poukisa li bezwen yon parapli?
Describe the girl’s umbrella. Why does she need an umbrella?