Fè Egzèsis Pou Rete Anfòm/Exercising to stay strong

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Egzèsis ede zo nou, mis nou, ak poumon nou, rete djanm.
Exercise helps our bones, muscles, and lungs to be strong.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan fè egzèsis ede zo nou, mis nou, ak poumon nou?
How does exercising help our bones, muscles, and lungs?

Amizman Lakay
Fun at Home

Envite timoun desine e dekri 3 kalite egzèsis e kijan egzèsis yo ede kè nou, mis nou, ak zo nou rete djanm.
Invite children to draw and describe 3 kinds of exercise and how they help our hearts, lungs, muscles, and bones to be strong. Tell me about these exercises.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Detire / Stretch

Esplike li / Explain It:
Detire se rale yon bagay jistan li rive bon longè li. Detire bra w, fè kòmsi w’ap eseye touche syèl la.
To stretch is to pull something to its full length. Stretch your arms and reach for the sky.

Pale de li / Talk About It:
Detire se rale yon bagay jistan li rive bon longè li. Detire bra w, fè kòmsi w’ap eseye touche syèl la.
To stretch is to pull something to its full length. Stretch your arms and reach for the sky.


Di li / Say It:
Swè, lasyè / Sweat

Esplike li / Explain It:
Swè se dlo ki swente sot nan po w pou ede w refwadi. Nou swe lè nou fè egzèsis.
Sweat is the water that seeps through your skin to cool you off. We sweat when we exercise.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite egzèsis ki fè w swe?
What kinds of exercises make you sweat?


Di li / Say It:
Poumon / Lungs

Esplike li / Explain It:
Poumon se pati kò nou andan lestomak nou ki ede nou respire. Nou rale souf nan poumon nou lè nou respire.
Lungs are the body parts inside your chest that help you to breathe. We take air into our lungs when we breathe.

Pale de li / Talk About It:
Kisa poumon nou fè?
What do our lungs do?