Transpòtasyon Nan Katye a/Neighborhood Transportation

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen plizyè jan pou vwayaje nan katye nou.
There are many ways to travel in our neighborhood.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan ou vwayaje nan katye w? Kijan ou vwayaje pou w ale lekòl? Kijan ou vwayaje pou w ale nan makèt?
How do you travel in your neighborhood? How do you travel to school? How do you travel to the grocery store?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w. Gade e idantifye jan moun ap vwayaje. Dekri kijan ou pi renmen vwayaje.
Take a walk around your neighborhood. Look around and identify the ways people are traveling. Describe your favorite way to travel.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Bus / Bis

Esplike li / Explain It:
Yon bis se yon machin ki long anpil, ki gen anpil plas pou moun chita. Anpil moun ki viv lavil vwayaje nan bis.
A bus is a very long vehicle with many seats that can carry many people from place to place.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa gen arè bis ozalantou tout vil nou?
Why are there bus stops all around our city?


Di li / Say It:
Taksi / Taxi

Esplike li / Explain It:
Yon taksi se yon machin ki pote moun ki peye monte li.
A taxi is a car that carries people who pay to ride.

Pale de li / Talk About It:
Kisa yon chofè taksi bezwen pou li ka fè travay li byen?
What does a taxi driver need to do to be good at their job?


Di li / Say It:
Tren / Train

Esplike li / Explain It:
Yon tren se yon machin long ki fèt ak wagon konekte e ki kouri sou ray; li transpòte moun ak bagay de yon kote a yon lòt. Premye pati tren an se motè a. Motè a rale oswa pouse lòt wagon yo nan ray yo. 
A train is a very long vehicle made of railroad cars connected together that carry people or things from one place to another on tracks. The first part of the train is called the engine. The engine pulls or pushes the other train cars along the tracks.

Pale de li / Talk About It:
Èske tren ka vwayaje sou wout ak machin? Wi ou non? Poukisa?
Can trains travel on the roads with cars? Why or why not?