Vwayaje Nan Wout/Traveling on Roads

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Anpil machin ede nou vwayaje sou wout.
Many vehicles help us travel on roads.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite machin nou konn wè sou wout yo?
What vehicles do we see driving on roads?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Lè w’ap vwayaje nan vil la, ede pitit ou note diferan kalite transpòtasyon k’ap kondwi sou wout yo. Ede yo idantifye yo chak e konpare diferans ki genyen antre yo.
When you are traveling around the city, help your child notice different kinds of transportation driving on the roads. Help identify each one and compare their differences.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Kamyon / Truck

Esplike li / Explain It:
Yon kamyon se yon gwo machin ki gen espas pou pote moun ak bagay.
A truck is a large vehicle with space for people and things.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w panse kamyon ki nan foto sa a ap pote?
What do you think the truck in this picture might be carrying?


Di li / Say It:
Klaksonn / Horn

Esplike li / Explain It:
Yon klaksonn se pati yon machin ki itilize pou fè yon gwo son avètisman.
A horn is the part of a vehicle used to make a loud warning sound.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de yon lè ou te tande yon machin oubyen yon bis ki t’ap klaksonnen.
Tell me about a time you heard a car or bus honking their horn.


Di li / Say It:
Limouzin / Limousine

Esplike li / Explain It:
Yon limouzin se yon machin bwòdè ki long; li gen anpil plas pou chita e souvan se yon chofè ki kondwi li.
A limousine is a long, fancy car that has many seats and is often driven by a chauffeur.

Pale de li / Talk About It:
Kijan yon limouzin diferan de yon taksi?
How is a limousine different from a taxi?