Netwaye Rad / Cleaning Clothes

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Nou itilize machin a lave pou nou fè lesiv nou.
We use a washing machine to wash and clean our laundry.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Pale m kisa w konnen de fè lesiv avèk lave rad. Kisa w oblije fè an premye? Kisa w oblije fè apre w seche rad yo?
Tell me what you know about doing the laundry and washing clothes. What do you need to do first? What do you need to do after you dry the clothing?

Amizman Lakay
Fun at Home

Ankouraje pitit ou ede w fè lesiv. Dekri chak etap: triye selon koulè, ajoute detèjan, seche, e pliye.
Encourage your child to help you with the laundry. Describe the steps like sorting by color, adding detergent, drying, and folding.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Rad / Clothes

Esplike li / Explain It:
Rad se bagay nou mete sou kò nou. Pantalon, mayo, ak wòb tout se rad.
Clothes are the things worn on our bodies. Pants, shirts, and dresses are all types of clothes.

Pale de li / Talk About It:
Dekri rad yo.
Describe the clothes.


Di li / Say It:
Lesiv / Laundry

Esplike li / Explain It:
Lesiv se rad, dra, oubyen lòt bagay ki bezwen lave oubyen ki lave deja.
Laundry is clothes, sheets, or other things that need to be washed or have been washed.

Pale de li / Talk About It:
Èske lesiv sa pwòp oubyen sal.
Is this laundry clean or dirty? How can you tell?


Di li / Say It:
Machin a lave / Washing Machine

Esplike li / Explain It:
Yon machin a lave se yon machin oubyen yon aparèy ki lave, oubyen ki netwaye, lesiv sal.
A washing machine is a machine or device that washes, or cleans, dirty laundry.

Pale de li / Talk About It:
Kijan yon machin a lave fè lave rad sal nou?
How does a washing machine clean our dirty clothing?