Myèl / Bees

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Myèl viv nan nich myèl e yo itilize nekta pou yo fè siwo myèl.
Bees live in beehives and use nectar to make honey.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan myèl fè siwo myèl? Kijan yo jwenn ni?
What do bees need to make honey? How do they get it?

Amizman Lakay
Fun at Home

Envite timoun jwe teyat kote yo itilize kò yo pou imite karakteristik e aksyon areye ak ensèk tankou moustik, gèp, podi, myèl, ak sotrèl. Pale m ki kalite mouvman yon ________ fè. Konbyen pye yon _______  genyen?
Invite children to play ‘insect actions,’ using their bodies to dramatize the features and actions of spiders and insects such as mosquitos, wasps, beetles, bees, and grasshoppers. Tell me how a ______ moves. How many legs does a ____ have?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Nich myèl / Beehive

Esplike li / Explain It:
Yon nich myèl se yon nich pou myèl.
A beehive is a nest for bees.

Pale de li / Talk About It:
Dekri nich myèl la.
Describe the beehive.


Di li / Say It:
Nekta, siwo flè / Nectar

Esplike li / Explain It:
Nekta se yon likid dous ke yon plant fè ki attire ensèk ak zwazo. Myèl itilize nekta pou yo fè siwo myèl.
Nectar is a sweet liquid a plant makes that attracts insects and birds. Bees use nectar to make honey.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w panse myèl la ap fè ak nekta a?
What do you think the bee will do with the nectar?


Di li / Say It:
Foumi / Ant

Esplike li / Explain It:
Yon foumi se yon ensèk piti ki nòmalman wouj oubyen nwa. Foumi viv nan gwoup answanm anba tè.
An ant is a small insect, usually red or black. Ants live in groups together underground.

Pale de li / Talk About It:
Dekri foumi yoi, espesyalman koulè yo ak fòm kò yo.
Describe the ants, including their color and body shape.