Anviwonnman Terès/Land Habitats

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Anpil zannimo ki viv nan anviwònman terès se mamifè.
Many animals that live in land habitats are mammals.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite zannimo ki viv sou tè? Ak kisa anviwònman yo sanble?
What kinds of animals live on land?  What do their habitats look like?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache ozalantou katye w epi dekri anviwònman kote w viv la. Kisa w genyen nan anviwònman ou?
Take a walk around your neighborhood and describe the habitat that you live in. What do you have in your habitat?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Anviwònman / Habitat

Esplike li / Explain It:
Yon anviwònman se yon plas natirèl kote yon zannimo oswa yon plant abite.
A habitat is the natural home or environment of an animal or plant.

Pale de li / Talk About It:
Kisa zannimo genyen nan anviwònman yo?
What do animals have in their habitats?


Di li / Say It:
Mamifè / Mammal

Esplike li / Explain It:
Yon mamifè se nenpòt zannimo ki gen cheve epi ki nouri ti bebe li yo ak lèt manman an. Chyen, balèn, ak moun se mamifè, men pwason, zwazo, ak koulèv pa mamifè.  
A mammal is any animal that has hair and feeds its babies with milk from the mother. Dogs, whales, and people are mammals, but fish, birds, and snakes are not.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou ka fè konnen si yon zannimo se yon mamifè?
How can you tell if an animal is a mammal?


Di li / Say It:
Forè twopikal / Rainforest

Esplike li / Explain It:
Yon forè twopikal se yon forè ki toujou vèt, ki sitiye sitou kote ki fè cho anpil e ki jwenn anpil lapli.
A rainforest is an evergreen forest, mostly found in hot parts of the world that get a lot of rain all year long.

Pale de li / Talk About It:
Dekri forè twopikal la.
Describe the rainforest.