Chanjman Pye Bwa/Changes in Fall

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Nan kèk kote, sezon lotòn pote anpil chanjman.
In some places, the season of fall brings lots of changes.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa ki pase pye bwa lè lotòn?
What happens to the trees in the fall?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache ozalantou katye w, oubyen vizite yon pak pou w ka wè kijan pye bwa yo chanje lè lotòn.  
Take a walk around your neighborhood or to a park so you can see how the trees are changing in the fall.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

A tree in a forest

Description automatically generated
Di li / Say It:
Lotòn / Fall

Esplike li / Explain It:
Lotòn se sezon apre ete lè tè a kòmanse prepare pou livè.  Plizyè kote, fèy chanje koulè e yo sot tonbe nan pye bwa yo lè lotòn
Fall is the time of year after summer when the earth gets ready for winter. In many places, the leaves on trees change color and fall off the trees in autumn/fall.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou fè konnen lè lotòn rive?
How do you know when fall has arrived?


Di li / Say It:
Rekòlte / Harvest

Esplike li / Explain It:
Rekòlte se lè w rasanble fwi ak legim ki mi. 
Harvest is when you gather food that is ready to pick for eating from a farm.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite manje nou rekòlte lè lotòn?
What kind of food do we harvest in the fall?

A squirrel eating food

Description automatically generated
Di li / Say It:
Ekirèy / Squirrel

Esplike li / Explain It:
Yon ekirèy se yon ti zannimo ki gen yon ke founi; li eskalade pye bwa e li chache nwa pou l manje.
A squirrel is a small animal with a bushy tail that climbs trees and looks for nuts.

Pale de li / Talk About It:
Ki kote w wè yon ekirèy deja?
Where have you seen a squirrel?