Fè Krèm / Making Ice Cream

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lèt pase nan anpil chanjman pou li tounen krèm.
Milk goes through many changes to become ice cream.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa w bezwen pou fè krèm? Kijan lèt chanje pou li vin krèm?
What do you need to make ice cream? How does milk change to become ice cream?

Amizman Lakay
Fun at Home

Itilize lyen an pou fè krèm nan yon
Use the link to make Ice Cream in a Bag.

sachè.https://littlebinsforlittlehands.com/simple-homemade-ice-cream-in-a-bag-edible-science/ 

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Lèt / Milk

Esplike li / Explain It:
Lèt se yon likid blan ke mamifè femèl pwodui kom manje pou bebe yo. Anpil moun bwè lèt bèf. Lèt sèvi pou fè krèm.
Milk is a white liquid made by female mammals as food for their babies. Many people drink cow’s milk. Milk is used to make ice cream.

Pale de li / Talk About It:
Ki diferans ki genyen ant lèt ak krèm?
How is milk different from ice cream?


Di li / Say It:
Machin / Machine

Esplike li / Explain It:
Yon machin se yon bagay ki gen pati ki bouje, e li ede nou fè travay. Machin sa ka tire bèf la vit.
A machine is an object with moving parts that can help do a job. This machine can milk the cow quickly.

Pale de li / Talk About It:
Ki fonksyon machin sa?
What is the job of this machine?


Di li / Say It:
Bwase / Stir

Esplike li / Explain It:
Bwase vle di vire yon kiyè oubyen yon lot zouti nan yon likid pou melanje tout engredyan yo ansanm. Mwen sèvi avèk yon kiyè pou mwen bwase lèt avèk sik la ansanm.
To stir means to move a spoon or other tool around a liquid in order to mix all the ingredients together. I use a spoon to stir the milk and sugar together.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de engredyan ke w pi renmen bwase nan krem ou.
Tell me about your favorite ingredient to stir into your ice cream.