Vakans Ete/Summer Vacation

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Moun pase tan deyò lè ete. Anpil fanmi ale an vakans.
People spend time outside in the summer. Many families go on vacation.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa w renmen de ete? Kijan ou kenbe kò w fre pandan ou deyò lè ete?
What do you like about summer? How do you keep cool outside on a hot summer day?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache anviwon katye w; fè kòmsi w an vakans. Ki esplorasyon ou ta fè si w te nan katye w pou premye fwa?
Take a walk around your neighborhood and pretend you are on vacation. What would you explore if you were in your neighborhood for the first time?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Ete / Summer

Esplike li / Explain It:
Ete se sezon ki antre prentan ak lotòn. Moun pase plis tan deyò lè ete.
Summer is the season or time of year between spring and fall. People spend more time outdoors in the summer.

Pale de li / Talk About It:
Ki aktivite w pi renmen fè lè ete?
What is your favorite thing to do in the summer?


Di li / Say It:
Vakans / Vacation

Esplike li / Explain It:
Vakans se yon moman repo nan lekòl, travay, oubyen lòt aktivite. Fanmi souvan ale an vakans pandan ete lè pa gen lekòl.
Vacation is a time of rest from school, work, or other activities. Families often go on a vacation in the summer when there is no school.

Pale de li / Talk About It:
Si w ta ka ale an vakans nenpòt kote, ki kote w ta ale?
If you could travel anywhere on vacation, where would you go? Why?


Di li / Say It:
Sechrès / Drought

Esplike li / Explain It:
Yon sechrès se lè anpil tan pase san lapli pa tonbe, oubyen lè se sèlman enpe lapli ki tonbe.  Zèb la te vin mawon lè nou te gen sechrès la.
A drought is a long time with little or no rain. The grass turned brown when we had the drought.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w ta ka fè pou plant ki nan jaden ou si ta ge yon sechrès?
What could you do for plants in your garden if there was a drought?