Plant lè Prentan/Plants in Spring

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Li fè pi cho lè prentan e plant kòmanse grandi. Zwazo okipe fè nich lè prentan.
Spring brings us warmer weather and plants begin to grow. Busy birds build nests in spring.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan tan an chanje lè prentan pou ede plant grandi?
How does the weather change in spring to help plants grow?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Ede timoun ou swiv e note tan an chak jou pou yon semèn. Ki kalite tan diferan ou note lè prentan ap kòmanse?
Help your child keep track of the weather every day for a week. What different kinds of weather do you notice as spring begins?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Prentan / Spring

Esplike li / Explain It:
Prentan se sezon ki antre livè ak ete. Prentan se lè tan an kòmanse vin pi cho epi plant yo kòmanse grandi.
Spring is the season or time of year between winter and summer. Spring is when the weather starts to get warmer and plants begin to grow.

Pale de li / Talk About It:
Kijan tan an lè prentan diferan de tan an lè livè?
How is spring weather different from winter weather?


Di li / Say It:
Nich / Nest

Esplike li / Explain It:
Yon nich se yon estrikti ki fèt ak bwa, zèb, ak lòt materyèl, kote zwazo kenbe ze yo.
A nest is a structure of sticks, grass, and other materials that birds make to hold their eggs.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa zwazo fè nich lè prentan?
Why do birds build nests in the spring?


Di li / Say It:
Boujon / Bud

Esplike li / Explain It:
Yon boujon se pati yon plant grandi tounen yon flè oswa yon fèy.
A bud is the swelling or part of a plant that grows into a flower or a leaf.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou panse boujon sa ap chanje nan kèlke jou? Kisa ki pral rive li?
How do you think this bud will change in a few days? What will happen?