Lapli/Rain

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lapli se dlo ki tonbe soti nan nyaj.
Rain is water that falls from the clouds.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Èske w renmen deyò lè lapli ap tonbe? Wi ou non? Poukisa?
Do you like to be outside on a rainy day? Why or why not?

Amizman Lakay
Fun at Home

Pale de yon jou resan lè lapli te tonbe. Ede pitit ou sonje kisa yo te mete sou yo pou pwoteje kont lapli a. Ede yo sonje tout bagay enteresan yo te fè nan lapli a jou sa.
Talk about a recent rainy day you experienced. Help your child remember what they wore to protect themselves from the rain and any fun things they did in the rain.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Lapi / Rain

Esplike li / Explain It:
Lapli se gout dlo ki fòme nan nyaj yo e ki soti tonbe. 
Rain is drops of water that form in the clouds and fall from the sky.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite rad ou ta mete yon jou prentan ki fè lapli?
What kind of clothing would you wear on a rainy spring day? Why?


Di li / Say It:
Delij / Flood

Esplike li / Explain It:
Yon delij se lè dlo debòde sou tè a.
A flood is when water overflows onto dry land.

Pale de li / Talk About It:
Dekri kijan yon delij ye.
Describe what a flood looks like.


Di li / Say It:
Sechrès / Drought

Esplike li / Explain It:
Yon sechrès se lè anpil tan pase san lapli pa tonbe, oubyen lè se sèlman enpe lapli ki tonbe.  Zèb la te vin mawon lè nou te gen sechrès la.
A drought is a long time with little or no rain. The grass turned brown when we had the drought.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w ta ka fè pou plant ki nan jaden ou si ta ge yon sechrès?
What could you do for plants in your garden if there was a drought?