Pye Bwa ak Branch Bwa/Tress and Branches

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Pye bwa parèt diferan chak sezon.
Trees look different in each season.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan pye bwa parèt lè lotòn? Kijan ou panse pye bwa parèt lè prentan ak lè ete? Poukisa?
What do trees look like in fall? What do you think trees look like in spring and summer? Why?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w e chache diferan kalite pye bwa. Dekri pye bwa yo ak fèy yo.
Take a walk around your neighborhood and look for different types of trees. Describe the trees and the leaves.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Pye bwa / Tree

Esplike li / Explain It:
Yon pye bwa se yon plant bwa ki gen yon twon long ak anpil branch.
A tree is a woody plant that has a long trunk and many branches.

Pale de li / Talk About It:
Dekri pye bwa a.
Describe the tree.

page1image2335680
Di li / Say It:
Branch bwa / Branch

Esplike li / Explain It:
Yon branch bwa se pati yon pye bwa oubyen yon touf bwa ki grandi sòti nan kò pye bwa a. 
A branch is the woody part of a tree or bush that grows from the trunk.

Pale de li / Talk About It:
Dekri branch bwa a.
Describe the branch.

When you see leaves blowing in the wind, why do they sometimes spin in a  circle? - Quora
Di li / Say It:
Van / Wind

Esplike li / Explain It:
Van se lè ki fè mouvman nan syèl la. Van an ka fè bagay vante deyò a.
Wind is air as it moves through the sky. The wind can make things blow around outside.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou ka konnen van an ap vante?
How can you tell the wind is blowing?