Poukisa Dlo Enpòtan/Why Water is Important

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Genyen plizyè rezon kifè nou bezwen dlo, tankou pou bwè e pou lave.
We need water for many reasons, including to drink and to wash things.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan nou itilize dlo chak jou?
What are some of the ways we use water every day?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Mache toupatou nan kay ou avèk pitit ou. Note tout jan ke w itilize dlo nan kwizin nan, nan twalèt la, e nan lòt kote nan kay la. Apre sa, eseye menm aktivite sa lè ou deyò nan katye w!
Walk around your home with your child. Spot all the ways that you use water in the kitchen, bathroom, and other areas. Later, try the same thing while you are out in your neighborhood!

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

Di li / Say It:
Likid / Liquid

Esplike li / Explain It:
Yon likid kapab koule e li kapab vèse. Dlo, lèt, ak dezenfektan pou men tout se likid
A liquid flows and can be poured. Water, milk, and hand sanitizer are all liquids.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite likid ou renmen bwè? 
What are some liquids that you like to drink?

Di li / Say It:
Swaf / Thirsty

Esplike li / Explain It:
Lè w swaf, ou santi w ta bwè yon bagay.
When you feel thirsty, you feel like you need to drink something.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite aktivite ki fè w swaf?
What activities/things make you feel  thirsty?

Di li / Say It:
Lave / Wash

Esplike li / Explain It:
Lave yon bagay vle di netwaye li avèk dlo oubyen defwa savon.
To wash something means to clean it with water and sometimes soap.

Pale de li / Talk About It:
Pale m kijan ou lave men ou. Kisa w fè pou yo kapab pwòp?
Tell me about how you wash your hands. What do you do to get them clean?