Aprann Naje/Learning to Swim

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lè ete tan an fè cho. Anpil moun renmen ale naje lè li fè cho.
In the summer the weather is hot. Many people like to go swimming on hot days.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Èske w konn naje? Kiyès ki te montre w? Ki kote w konn ale pou w naje?
Do you know how to swim? Who taught you? Where do you go swimming?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Ale fè yon ti naje nan pisin lokal ou.
Take a trip to the local pool and go for a swim.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Naje / Swim

Esplike li / Explain It:
Naje se fè mouvman ak kò a pou w ka pase nan dlo.
To swim is to move through the water by moving parts of the body.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa li bon pou tan an fè cho lè nou pral naje?
Why does the weather need to be hot to go swimming?


Di li / Say It:
Kostim deben / Bathing Suit

Esplike li / Explain It:
Yon kostim deben se rad ki fèt pou naje.
A bathing suit is clothing worn to go swimming.

Pale de li / Talk About It:
Dekri kostim deben an.
Describe the bathing suit.


Di li / Say It:
Babote, patoje / Splash

Esplike li / Explain It:
Babote se voye yon likid toupatou.
Splash is to scatter a liquid.

Pale de li / Talk About It:
Èske w renmen babote nan dlolè w naje? Wi ou non? Poukisa? 
Do you like to splash water when you swim? Why or why not?