Entwodiksyon a Resiklay / Recycling Introduction

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Fòk nou kenbe Latè pwòp pou tout moun ak tout zannimo kapab genyen yon bon kote pou yo viv.
We need to keep Earth clean so all people and animals have a healthy place to live.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa w resikle lakay oubyen lekòl?
What do you recycle at home or at school?

Amizman Lakay
Fun at Home

Chache bwat manje ak boutèy ki ka resikle. Èske nou ka resikle yon katon lèt vid? Kijan ou fè konnen?
Look around your kitchen and find boxes of food, cans, and bottles that can be recycled. Can we recycle an empty milk carton? How do you know?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Latè / Earth

Esplike li / Explain It:
Latè se planèt kote moun ak zannimo viv. Nou viv sou Latè.
Earth is the planet on which people and animals live. We live on planet Earth.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou oblije pran swen Latè?
Why do we need to take care of our planet Earth?


Di li / Say It:
Rès manje / Leftovers

Esplike li / Explain It:
Rès manje se manje ki rete apre w fin manje.
Leftovers are the foods that are left when you are done eating.

Pale de li / Talk About It:
Kisa nou ka fè ak rès manje nou olye ke jete yo nan fatra?
What can we do with our leftover food instead of throwing it in the garbage?


Di li / Say It:
Resikle / Recycle

Esplike li / Explain It:
Resikle se lè bagay ki sèvi deja pase nan yon pwosesis espesyal pou yo kapab resèvi.
To recycle is to put used things through a special process so they can be used again.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalita bagay ou ka resikle?
What kinds of things can you recycle?