Bèt Lakay/Pets at home

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen fanmi ki genyen bèt kay. Bèt kay se zannimo ki viv nan kay avèk ou.
Some families have pets. Pets are animals you can keep in your house.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Imajine ke w ka genyen yon bèt kay. Ki bèt kay ou ta chwazi?
Imagine you could have a pet. What pet would you choose? Why?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Pandan w’ap mache oubyen kondwi nan kominote w, ede pitit ou chache bèt kay. Dekri ki kalite bèt kay ou wè. Pale ki kalite zannimo yo ye, ki gwosè yo, ak ki koulè yo ye.
While walking or driving in your community, help your child look around for pets. Describe the pets you see, including what kind of animal they are, what size, and what color.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

The Washington County Humane Society – All They Need Is You
Di li / Say It:
Bèt kay / Pet

Esplike li / Explain It:
Yon bèt kay se yon zannimo ki viv nan kay avèk ou.
A pet is an animal you keep at your house.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite zannimo ki fè bon bèt kay?
What animals make good pets?


Di li / Say It:
Veterinè / Veterinarian

Esplike li / Explain It:
Yon veterinè se yon doktè ki pran swen zannimo. Nou te mennen chyen nou al wè veterinè a paske li te malad.
A veterinarian, or vet, is a doctor that takes care of animals. We took our dog to the veterinarian because he was sick.

Pale de li / Talk About It:
Kijan yon veterinè pran swen zannimo?
How does a veterinarian take care of animals?


Di li / Say It:
Lapen / Rabbit / Bunny

Esplike li / Explain It:
Yon lapen se yon zannimo piti ki gen pwal swa ak zorèy long; li ponpe lè l’ap ale de kote a kote.
A rabbit or bunny is a small animal with soft fur and long ears that moves by hopping.

Pale de li / Talk About It:
Dekri lapen an. Dekri koulè li ak fòm li.
Describe the rabbit, including its color and shape.