Chantye/Construction Sites

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Travayè konstriksyon travay ansanm pou yo ka akompli travay yo.
Construction workers work together to get the job done.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite bagay travayè konstriksyon fè nan travay yo?
What are some things that construction workers do at their job?

Anviwon Vil la
Out on the Town

Pandan w’ap mache oubyen kondwi nan kominote w, chache yon chantye. Si w wè yon chantye, dekri machin ke w wè.
As you are walking or driving around your community, look for a construction site. If you see a construction site look for and describe the machines you see.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Kas / Hemlet/Hard Hat

Esplike li / Explain It:
Yon kas se yon kouvèti pou pwoteje tèt la.
A helmet or hard hat is a hard covering worn to protect the head.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa travayè konstriksyon oblije mete yon kas?
Why do construction workers need to wear a helmet or hard hat?


Di li / Say It:
Fouyè / Excavator

Esplike li / Explain It:
Yon fouyè se yon gwo machin ki fouye e retire materyèl nan yon chantye./Yon fouyè se yon machin ak motè ki fouye e retire materyèl nan yon chantye.
An excavator is a power-driven digging machine that digs up and removes material from a construction site.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa yon travayè nan yon chantye ta itilize yon fouyè? Kisa yon fouyè ta ka ede yo fè?
Why would a worker at a construction site use an excavator? What could an excavator help them do?


Di li / Say It:
Chantye / Construction Site

Esplike li / Explain It:
Yon chantye se yon kote ke yon bilding ap bati.
A construction site is a place where a building is being built.

Pale de li / Talk About It:
Dekri chantye a.
Describe the construction site.