Manje Soti Nan Fèm / Food comes from farms

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Anpil manje ke nou manje kiltive nan fèm oubyen jaden. 
Many foods we eat are grown on farms or gardens.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite manje ki kiltive nan fèm? Ki kalite zannimo ki leve nan fèm?
What kinds of foods are grown on a farm? What animals do farmers raise on a farm?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w e chache yon mache kote yo vann manje.
Take a walk around your neighborhood and look for a farmers market. Describe the foods that are for sale.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan!
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Fèm / Farm

Esplike li / Explain It:
Yon fèm se yon plas kote moun kiltive fwi, legim, ak lòt rekòt; moun kapab fè elvaj zannimo pou manje oswa pou rad.
A farm is a place where people grow fruits, vegetables, and other crops and or raise animals for food or clothing.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou bezwen fèm?
Why do we need farms?


Di li / Say It:
Bèf / Cow

Esplike li / Explain It:
Yon bèf se yon gwo bèt ki abite nan yon fèm. Li pwodwi lèt ak vyan bèf.
A cow is a large female farm animal that produces/makes milk and beef.

Pale de li / Talk About It:
Dekri kisa fèmye a ap fè ak bèf la.
Describe what the farmer is doing with the cow.


Di li / Say It:
Fomaj / Cheese

Esplike li / Explain It:
Fomaj se yon manje solid ki fèt ak lèt.
Cheese is a solid food made from milk.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w bezwen pou fè fomaj?
What do you need to make cheese?