Vizit Nan Bibliyotèk/Library Visits

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Yon bibliyotèk se yon kote w ka ale pou prete liv.  
The library is a place you can go to borrow books.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Èkse w janm ale nan yon bibliyotèk? Pale m de li. 
Have you ever been to the library? Tell me about it.

Anviwon Vil La
Out on the Town

Ale vizite bibliyotèk la. Enskri pou yon kat bibliyotèk epi prete yon liv pou semèn nan. 
Take a trip to the library. Sign up for a library card and borrow a book for the week.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
BIbliyotèk / Library

Esplike Ii / Explain It:
Yon bibliyotèk se yon plas nan yon vil oubyen yon lekòl kote ou ka prete liv ak lòt materyèl. 
A library is a place in a town or school where you can borrow books and other materials.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w renmen nan vizite bibliyotèk la?
What do you like about visiting the library?


Di li / Say It:
Bibliyotekè / Librarian

Esplike li / Explain It:
Yon bibliyotekè se yon moun ki gen fòmasyon espesyal pou travay nan yon bibliyotèk.
A librarian is a person who has special training to work in a library.

Pale de li / Talk About It:
Kisa bibliyotekè a ap fè ak liv yo?
What is the librarian doing with the books?


Di li / Say It:
Prete / Borrow

Esplike li / Explain It:
Prete se pran yon bagay ak entansyon remèt li.
To borrow is to take something and promise to return it.

Pale de li / Talk About It:
Kijan nou ka pran swen liv ke nou prete?
How can we take good care of the books we borrow from the library?