Joumou ak Fèm/Pumpkins and Farms

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lotòn se yon sezon lè nou ka vizite yon fèm pou keyi e manje joumou.
Fall is the season when we can visit a farm to pick pumpkins and eat them.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite fwi oubyen legim ou ta renmen keyi nan yon fèm? 
What kind of fruits or vegetables would you like to pick at a farm?

Amizman Lakay
Fun at Home

Rankonte timoun ou de yon eksperyans ou menm oubyen yon manm fanmi te fè nan yon fèm. Èske w te keyi okenn fwi oubyen legim? Èske w te fè yon bagay espesyal avèk sa w te keyi yo?
Tell your child about an experience that you or a family member once had on a farm. Did you pick any fruits or vegetables? Did you make something special from whatever you picked?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Jaden pye fwi / Orchard

Esplike li / Explain It:
Yon jaden pye fwi se yon moso tè ki gen anpil pye fwi plante landan l. Pòm grandi sou pye bwa nan jaden pye fwi a.
An orchard is a piece of land planted with many fruit trees. Apples grow on trees in the orchard.

Pale de li / Talk About It:
Si w te gen yon jaden pye fwi, ki kalite pye fwi w ta plante?
If you had an orchard, what kinds of fruit trees would you plant?


Di li / Say It:
Jaden joumou / Pumpkin Patch

Esplike li / Explain It:
Yon jaden joumou se yon jaden espesyal kote joumou grandi.
A pumpkin patch is a special garden where pumpkins grow.

Pale de li / Talk About It:
Nan jaden joumou sa, ki joumou w ta keyi? Poukisa?
In this pumpkin patch, which pumpkin would you pick and why?


Image result for pumpkins
Di li / Say It:
Joumou / Pumpkin

Esplike li / Explain It:
Yon joumou se yon gwo fwi won koulè oranj ki grandi sou yon lyann. Joumou kapab sèvi kòm manje oubyen yo kapab itilize kòm dekorasyon.
A pumpkin is a large, orange fruit that grows on vines. Pumpkins can be eaten or carved for decoration.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de ki kote w wè yon joumou deja?
Tell me about where you have seen pumpkins before.