Enfimyè/Nurses

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Enfimyè ede moun ki malad oubyen blese.
Nurses help people who are sick or hurt.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Pale m kisa enfimyè fe nan travay yo. Poukisa w panse yon moun ta vle yon enfimyè?
Tell me about what nurses do at work. Why do you think someone would want to be a nurse?

Amizman Lakay
Fun at Home

Mande pitit ou de yon lè ke yo menm oubyen yon zanmi te malad oubyen blese. Ki pati nan kò yo ki te fè yo mal? Kisa yo te oblije fè pou yo te refè? 
Ask your child about a recent time when they or a friend felt sick or hurt. What part(s) of their body felt bad? What did they have to do to get better?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Enfimyè / Nurse

Esplike li / Explain It:
Yon enfimyè se yon asistan kominote ki pran swen moun ki malad oubyen ki blese.
A nurse is a community helper whose job is to care for sick and injured people.

Pale de li / Talk About It:
Kijan enfimyè sa a ap ede timoun nan?
How is the nurse helping the child?


Di li / Say It:
Banday / Bandage

Esplike li / Explain It:
Yon banday se yon moso twal ki sèvi pou pwoteje oubyen kouvri yon blese.
A bandage is a piece of cloth used to protect or cover an injury.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa w panse tifi sa ta ka genyen yon banday sou bra li?
Why might this little girl have a bandage on her arm?


Di li / Say it:
Ijans / Emergency

Esplike li / Explain It:
Yon ijans se lè yon moun bezwen èd rapid.
An emergency is when someone needs help right away.

Pale de li / Talk About It:
Nan ki kalite ijans yon enfimyè ta ka bay èd?
What kinds of emergencies could a nurse help with?