Haitian Creole / Trips to the Hospital

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Nou ale lopital si nou santi nou malad e nou bezwen èd rapid.
We go to the hospital if we feel sick and need help right away.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa moun bezwen ale lopital?
Why do people need to go to the hospital?

Amizman Lakay
Fun at Home

Dekri yon lè ke ou menm oubyen yon moun ke w konnen te vizite yon lopital. (Si pitit ou te fèt nan yon lopital, sa kapab yon sijè ekselan!)
Describe a time that you or someone you know visited a hospital for help. (If your child was born in a hospital, that could be an excellent topic!).

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Lopital / Hospital

Esplike li / Explain It:
Yon lopital se yon plas kote doktè ak enfimyè pran swen moun ki malad, blese, oswa ki bezwen èd medikal.    
A hospital is a place where doctors and nurses take care of people when they are sick, hurt, or need medical help.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w wè nan chanm lopital la ki kapab ede yon moun refè?
What do you see in the hospital room that could help someone feel better?


Di li / Say It:
Medikaman / Medicine

Esplike li / Explain It:
Medikaman se yon likid oubyen yon grenn ki ede nou refè lè nou malad.
Medicine is a liquid or pill that helps us feel better when we are sick.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ti gason an ap pran medikaman li?
How is the little boy taking his medicine?


Di li / Say It:
Trete / Treat

Esplike li / Explain It:
Trete se pran swen yon moun oubyen yon zannimo ki malad ou ki blese. Doktè trete moun pou ede yo refè.
To treat is to take care of a sick or injured person or animal. Doctors treat people to help them feel better.

Pale de li / Talk About It:
Kijan doktè a ap trete bra kase tifi a?
How is the doctor treating the girl’s broken arm?