Konsève Dlo/Saving Water

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Fòk nou konsève dlo pou nou ede anviwònman an.
We need to save water to help the environment.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa ki t’ap rive si tout dlo pwòp sou Latè ta fini?
What would happen if we ran out of clean water on the Earth?

Amizman Lakay
Fun at Home

Mache nan kay ou avèk pitit ou e panse sou ki jan fanmi w kapab itilize mwens dlo. Ou kapab fèt atansyon espesyal a kwizin nan e twalèt yo!
Walk through your home with your child and brainstorm ways that your family could use less water. You might pay special attention to the kitchen and bathrooms!

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Konsève / Save

Esplike li / Explain It:
Konsève yon bagay vle di kenbe li pou sèvi pi ta. Pa egzanp, mwen kapab konsève gout lapli nan yon bokit nan lakou mwen. Lè bokit la plen, mwen vide dlo a sou plant mwen yo.
To save something means to keep it for use later. For example, I can save raindrops in a bucket in my yard. When the bucket is full, I pour the water on my plants.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa sa enpòtan pou nou konsève dlo lè posib?
Why is it important to save water whenever we can?


Di li / Say It:
Gaspiye / Waste

Esplike li / Explain It:
Gaspiye vle di itilize plis ke sa ou bezwen. Pa egzanp, si ou fèmen tiyo a lè w bwose dan ou, ou pap gaspiye dlo.
To waste something is to use more of it than you really need. For example, if you turn off the faucet when you brush your teeth, you won’t waste water.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou kapab asire ke w pa gaspiye dlo?
How do you make sure that you do not waste water?


Di li / Say It:
Tiyo / Faucet

Esplike li / Explain It:
Yon tiyo se yon bagay ki sèvi pou ouvri e fèmen dlo. Mwen ouvri tiyo a lè mwen lave men m.
A faucet is an object used to turn water on and off. I turn the faucet on when I wash my hands.

Pale de li / Talk About It:
Panse de lakay ou oubyen sal klas ou. Ki kote tiyo yo ye? Kijan yo sanble oubyen kijan yo diferan?
Think about your home or classroom. Where are the faucets, and how are they similar or different?