Foutbòl / Soccer

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Foutbòl se yon spò nou ka jwe al zanmi nou. Foutbòlè sèvi ak pye yo pou yo frape boul la.
Soccer is a sport we can play with our friends. Soccer players use their feet to kick the ball.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Èske w renmen jwe foutbòl? Wi ou non? Poukisa?
Do you like to play soccer? Why or why not?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Ale nan yon lakou rekreyason oubyen nan yon pak e chache moun k’ap jwe foutbòl oubyen yon lòt kalite jwèt boul. Kijan ou bouje boul foutbòl la?
Take a trip to the playground or park and look for people playing soccer or another type of ball sport. How do you make the soccer ball move?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Foutbòl / Football

Esplike li / Explain It:
Foutbòl se yon jwèt boul ki jwe ak de ekip. Lè boul la frape filè a, ekip ki te choute boul la fè gòl.
Soccer is a ball game played by two teams of players who kick a ball. When the soccer ball is kicked into the net, the kicking team scores a point.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de timoun k’ap jwe foutbòl yo.
Tell me about the children playing soccer.


Di li / Say It:
Inifòm / Uniform

Esplike li / Explain It:
Yon inifòm se yon rad espesyal ke moun mete lè yo fè pati yon gwoup patikilye. Polisye ak faktèmete inifòm lè yo ap travay. Atlèt mete inifòm lè yo ap jwe. 
A uniform is special clothing worn by all the people in a particular group. Police officers and mail carriers wear uniforms when they are working. Athletes wear uniforms during games.

Pale de li / Talk About It:
Dekri inifòm foutbòlè a.
Describe the soccer player’s uniform.


Di li / Say It:
Gòl / Goal

Esplike li / Explain It:
Yon gòl se de poto ki gen yon filè nan mitan. Nan foutbòl, ou choute boul la nan filè a pou fè gòl.
A goal is two posts with a net. In soccer, you kick a ball into the goal to score points.

Pale de li / Talk About It:
Pandan yon match foutbòl, kisa ki rive lè w choute boul la nan filè a?
During a soccer game, what happens when you kick a ball into the goal?