Solèy La ak Limyè/The Sun and Light

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lè pa gen solèy, nou ka sèvi ak lòt limyè pou nou kapab wè.
When the sun is not out, we can use other lights around us so that we can see.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan nou ka kenbe limyè lakay nou lè pa gen solèy?
What are some ways we can keep the light in our home when the sun is not out?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Lè w ap vwayaje nan katye w, ede timoun ou  fè yon list tout diferan kalite limyè w ka jwen (e.g poto limyè, siy elektwonik).
When you are traveling through your neighborhood, help your child list all of the different lights you can find (e.g. streetlights, electric signs).

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Klere / Shine

Esplike li / Explain It:
Klere vle di pwodui limyè.
Shine means to give off light.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa solèy la klere lajounen?
Why does the sun shine in the daytime?


Di li / Say It:
Flanbo / Torch

Esplike li / Explain It:
Yon flanbo se yon bwa ki gen yon pwent ki ka fè dife; ou ka limen li e pote li pou klere wout ou.
A torch is a stick with a burning material on one end that is lit and carried for light.

Pale de li / Talk About It:
Ki kote w ka itilize yon flanbo san danje? Ki kote l t’ap danjere pou genyen yon flanbo?
Where could you use a torch safely? Where might it be dangerous to have a torch?


Di li / Say It:
Disparèt / Disappear

Esplike li / Explain It:
Lè yon bagay disparèt, ou pa ka wè li ankò.
When something disappears, you cannot see it anymore.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa gen de lè lonbraj ou disparèt?
Why does your shadow disappear sometimes?