Bon Manje/Healthy Foods

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Manje nourisan ede kò nou grandi e rete an sante.
Eating nutritious food helps our bodies to grow and stay healthy.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan manje nourisan tankou fwi ak legim ede kò nou? Kijan fwi ak legim diferan de manje ki pa bon?
How do nutritious foods like fruits and vegetables help our bodies? How are fruits and vegetables different from junk food?

Amizman Lakay
Fun at Home

Gade manje ki nan kwizin ou. Chache fwi, legim, ak manje ki pa bon pou kò w. Pale sou poukisa li enpòtan pou nou manje fwi ak legim chak jou.
Look at the foods in your kitchen. Find the fruits, vegetables, and junk food. Discuss why it is important to eat fruits and vegetables every day.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Fwi / Fruits

Esplike li / Explain It:
Fwi se pati yon plant ki gen grenn ak po. Pi fò fwi moun manje se fwi dous.
Fruits are the parts of a plant that has seeds and skin. Most fruits that people eat are sweet.

Pale de li / Talk About It:
Ki fwi ou pi renmen? Poukisa?
What is your favorite fruit? Why?


Di li / Say It:
Legim / Vegetable

Esplike li / Explain It:
Legim se plant oswa pati yon plant ki sèvi kòm manje, tankou pòmdetè, bwokoli, oubyen mayi. Legim se manje ki bon pou kò w.
Vegetables are the plants or parts of plants that are used for food, such as potatoes, broccoli, or corn. Vegetables are healthy foods for your body.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou bezwen manje anpil legim?
Why do we need to eat lots of vegetables?


Di li / Say It:
Move manje / Junk Food

Esplike li / Explain It:
Move manje se manje ki pa bon pou kò w. Move manje tankou bonbon ak kola genyen twòp sik e yo pa ede kò rete djanm.
Junk food is snack food that is not good for your body. Junk food such as cookies and soda have too much sugar and don’t help your body to be strong and healthy.

Pale de li / Talk About It:
Kisa ki t’ap pase kò w si w te manje twòp move manje?
What could happen to your body if you ate too much junk food?