Lòt Kalite Vwayaj/Other Kinds of Travel

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Pote yon bagay de kote a kote rele transpòtasyon. 
Moving/carrying something from place to place is called transportation.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Èske w ta renmen monte yon elikoptè?
Would you like to ride on a helicopter? Why or why not?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w. Gade syèl la e dekri avyon yo ak elikoptè yo. Konbyen ou wè?
Take a walk around your neighborhood. Look up in the air and describe the airplanes and helicopters. How many did you see?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Vwayaje / Travel

Esplike li / Explain It:
Lè nou vwayaje, nou ale de yon kote a yon lòt kote. Nou vwayaje lè nou ale nan yon vwayaj noubyen lè nou ale an vakans. 
When we travel, we move from place to place. We travel when we go from home to school. We travel when we go on a trip or vacation.

Pale de li / Talk about it:
Ki kote w ta pi renmen vwayaje? Poukisa?
Where would you most like to travel to? Why?


Di li / Say It:
Elikoptè / Helicopter

Esplike li / Explain It:
Yon elikoptè se yon kalite machin ki vwayaje nan syèl la; li gen lanm long ki atache sou tèt li, e yo tounwaye pou elikoptè a kapab bouje. Elikoptè ka plannen oubyen yo ka rete an plas nan syèl la. Pompye, sekouris, ak polisye itilize elikoptè pou sove moun ki an danje.
A helicopter is a kind of vehicle that travels in the sky and is moved along by spinning blades attached to its top side. Helicopters can hover or stay in one place in the sky.

Pale de li / Talk about it:
Èske w t’ap ka ale lekòl nan yon elikoptè? Wi ou non? Poukisa?
Could you use a helicopter to get to school? Why or why not?


Di li / Say It:
Wou / Wheel

Esplike li / Explain It:
Yon wou se yon bagay won ki vire e ki ede machin, bisiklèt, ak kamyon bouje. Tout machin ki kouri sou tè genyen wou ki ede yo bouje.
A wheel is an object shaped like a circle that turns and helps cars, bikes and trucks to move. All vehicles that travel on land have wheels that help them to move.

Pale de li / Talk About It:
Kijan wou yo ap ede machin nan bouje?
How are the wheels helping the car move?