Siy Nan Katye M/Nighborhood Signs

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Siy trafik ede kenbe kominote nou an sekirite.
Traffic signs and signals help keep our community safe.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa nou bezwen limyè trafik ak wout pou pyeton nan katye nou?
Why do we need traffic lights and crosswalks in our neighborhood?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w. Dekri siy trafik ke w wè.
Take a walk around your neighborhood. Describe the traffic signs you see.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

Di li / Say It:
Siy Trafik / Traffic Sign

Esplike li / Explain It:
Yon siy trafik se yon panno oubyen yon ansèy ki gen ekriti oswa imaj sou li. Siy sa yo montre kijan nou sipoze kondwi.
A traffic sign is a board or card with writing or pictures on it that lets you know the rules for driving.

Pale de li / Talk About It:
Dekri siy trafik yo. 
Describe the traffic signs.


Di li / Say It:
Limyè Trafik / Traffic Light

Esplike li / Explain It:
Yon limyè trafik se yon siyal ki di chofè kilè pou yo rete oubyen kilè pou yo avanse. Limyè trafik chanje koulè tankou wouj, vè, ak jòn.
A traffic light is a signal used to tell drivers when to stop or go. Traffic lights change colors from red to green to yellow.

Pale de li / Talk About It:
limyè trafik la wouj, kisa machin yo dwe fè? E lè limyè a vè? Oubyen jòn?
When a traffic light is red, what should cars do? Green? Yellow?


Di li / Say It:
Wout pou pyeton / Crosswalk

Esplike li / Explain It:
Yon wout pou pyeton se yon kote moun k’ap mache kapab travèse lari a an sekirite. 
A crosswalk is a place where walkers can safely walk across the street.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa nou dwe toujou pase nan wout pou pyeton lè n’ap travèse lari a?
Why should we always use the crosswalk when we cross the street?