Fè Egzèsis ak Fanmi e Zanmi /Exercising with family and friends


Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Egzèsis bay kò nou enèji pandan lajounen e li ede nou dòmi pi byen lè swa.
Exercise gives our bodies energy during the day and can help us to sleep better at night.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa kò w bezwen pou li kapab anfòm?
What does our body need to be fit?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w. Pale m de mis ke w itilize lè w twotine.
Take a walk or jog around your neighborhood. Tell me about the muscles you use when you jog.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan!
Show Me! Our Words of the Week

Di li / Say It:
An sante / Healthy

Esplike li / Explain It:
An sante se lè w pa gen maladi. Nou kenbe kò nou an sante lè nou manje bon manje, fè egzèsis, kenbe kò nou pwòp, ak lè nou pwan bon repo.
Healthy is to be free from illness. We keep our bodies healthy by eating good foods, exercising, keeping clean, and getting lots of rest.


Pale de li / Talk About It:
Kijan nou ka rete an sante lè nou lekòl?
How can we stay healthy at school?


Di li / Say It:
Jounen rekreyatif / Field Day

Esplike li / Explain It:
Yon jounen rekreyatif se yon jounen lekòl espesyal pou jwe jwèt espò deyò ak lòt klas. 
Field day is a special school day for playing outside sports games with other classes.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite jwèt ou ta renmen jwe nan yon jounen rekreyatif? Poukisa?
What game would you like to play on field day? Why?


Di li / Say It:
Anfòm / Fitness/Fit

Esplike li / Explain It:
Lè w anfòm, sa vle di kò w janm e li an sante. Manje bon manje e fè egzèsis ede w rete anfòm.
Fitness is to be strong and healthy. Eating healthy foods and exercising help your body to stay fit.

Pale de li / Talk About It:
Kijan fè egzèsis ede zo ak mis nou rete anfòm?
How does exercising help our bones and muscles to be fit?