Sik Dlo/Water Cycle

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Sik dlo a se jan lanati resikle e reitilize tout dlo ki sou latè.
The water cycle is the way that nature recycles and reuses all the water we have in the world.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kote lapli soti? Kisa ki rive dlo ki kouvri atè a lè lapli tonbe? Ki kote li ale lè lapli a fini?
Where does rain come from? And what happens to the water that covers the ground when it rains? Where does it go when the rain ends?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Pandan ou deyò nan katye w, ede pitit ou chache prèv sik dlo a. Nyaj nan syèl la, kouran dlo, letan, oubyen ma dlo, ni vapè kapab egzanp. Pale avèk pitit ou de kijan dlo chanje nan sik dlo a.
As you are out in your neighborhood, help your child spot evidence of the water cycle. This might include clouds in the sky; streams, lakes, or puddles on the ground; or steam rising into the air. Talk with your child about how water changes throughout the water cycle.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Sik Dlo
/ Water Cycle

Esplike li / Explain It:
Sik dlo a se jan lanati resikle e resèvi tout dlo ki nan mond lan.
The water cycle is the way that nature recycles and reuses all the water we have in the world.

Pale de li / Talk About It:
Kisa ki rive dlo pandan li pase nan sik dlo a?
What happens to water as it moves through the water cycle?


Di li / Say It:
Gout Lapli / Raindrops

Esplike li / Explain It:
Gout lapli se ti gout dlo pit ki soti tonbe nan nyaj yo.
Raindrops are small drops of water that fall from clouds.

Pale de li / Talk About It:
Kisa nou kapab mete pou pwoteje kont gout lapli lè nou soti deyò nan lalpli a?
What can we wear or carry to protect ourselves from raindrops when we go outside in the rain?


Di li / Say It:
Evapore / Evaporate

Esplike li / Explain It:
Evapore se lè dlo likid vin tounen ti gout dlo ki plannen nan lè a. 
Evaporate means to change from wet water to tiny bits of water that float in the air.

Pale de li / Talk About It:
Nan imaj la, kisa k’ap pase dlo k’ap evapore a?
In the picture, what is happening to the water that is evaporating?