Garbage and Landfills / Fatra ak Ranblè

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Twòp fatra pa bon pou Latè.
Too much garbage is harmful to the Earth.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa li danjere pou anviwònman an si gen twòp fatra nan boko fatra yo?
Why is it harmful to the environment if there is too much garbage in the landfills?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w e chache bokit fatra ak bokit resiklay. Kisa ki t’ap pase si nou pat jete fatra ni fè resiklay?
Take a walk around your neighborhood and look for garbage cans and recycling cans. What would happen if we didn’t throw away our trash or recycle items?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

Di li / Say It:
Aniwònman / Environment

Expliquez-le / Explain It:
Anviwònman an se tout sa ki antoure kreyati vivan. Mwen konsève dlo pou anviwònman an lè m benyen nan douch olye ke lè m benyen nan benwa. 
The environment is everything that surrounds living things. I save water for the environment when I take a shower instead of a bath.

Parlez-en / Talk About It:
Poukisa li bon pou anviwònman an lè nou resikle papye?
Why is recycling paper good for the environment?

Di li / Say It:
Redwi / Reduce

Expliquez-le / Explain It:
Redwi vle di itilize yon bagay mwens.
Reduce is to use less of something.

Parlez-en / Talk About It:
Kijan ou ka redwi kantite dlo oswa kouran ke w itilize?
How can you reduce the amount of water or electricity that you use?

Di li / Say It:
Boko fatra, depo / Landfill

Expliquez-le / Explain It:
Yon boko fatra se kote kamyon fatra yo lage fatra ki soti nan vil yo.
A landfill is a place where garbage trucks bring garbage and waste from cities and towns.

Parlez-en / Talk About It:
Kisa w panse ki rive fatra yo apre yo depoze nan boko fatra yo?
What do you think happens to the garbage after it is buried in landfills?