Fè Zanmi Nouvo/Making New Friends

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lekòl se yon kote amizan kote w ka fè nouvo eksperyans ak nouvo zanmi.
School is a fun place to try new things and make new friends.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa w te anprann lekòl jodi a? Rankonte m.
What did you learn in school today? Tell me about it.

Amizman Lakay
Fun at Home

Desine pòtre w pandan ou te nan kindègadenn jodi a. Ki sa w pi renmen nan kindègadenn?
Draw a picture of yourself at preschool today. What is your favorite part about preschool?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Sèl / Lonely

Esplike li / Explain It:
Lè w sèl, ou santi ou tris paske ou pou kont ou.
When you are lonely you feel sad because you are by yourself.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa w panse timoun nan santi li sèl?
Why do you think the child is feeling lonely?


Di li / Say It:
Raton Lavè  / Racoon

Esplike li / Explain It:
Yon raton lavè se yon zannimo ak pwal ki gen yon ke long ki gen mak nwa sikilè sou li. Li gen yon figi pwenti ki gen mak nwa tankou yon mas.
A raccoon is a furry animal that has a long tail with black rings and a pointed face with black markings that look like a mask.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de raton lavè a.
Tell me about the raccoon.


Di li / Say It:
Forè / Forest

Esplike li / Explain It:
Yon forè se yon gwo rejyon tè ki kouvri avèk anpil pyebwa ak lòt plant. Anpil zannimo viv nan forè.
A forest is a large area of land covered with many trees and other plants. Many animals live in the forest.

Pale de li / Talk About It:
Dekri forè a.
Describe the forest.