Limyè Lannuit/Nighttime Light

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Solèy la se yon gwo etwal ki fè limyè lajounen.
The sun is a giant star that gives us light during the day.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa nou bezwen limyè solèy la?
Why do we need the sun’s light?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon kanpe de twa fwa pa jou ak timoun ou pou gade ki kote solèy la ye nan syèl la. Pale de kijan solèy la bouje nan syèl la lè maten, lè apremidi, rive jiske lannuit. Pale de kijan kantite limyè ak lonbraj ki genyen ka chanje pandan jounen an.
Pause with your child a few times each day to observe where the sun is in the sky. Talk about how the sun moves from morning through the afternoon and into the night. Talk about how the amount of light and shadow can change throughout the day.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Etwal / Star

Esplike li / Explain It:
Yon etwal se yon gwo boul gaz klere ke nou ka wè nan syèl lannwit lè syèl la klè.
A star is a bright ball of hot gases that we can see on a clear night in the sky.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa gen etwal ki parèt klere anpil nan syèl la, men gen lòt ki parèt tankou ti pwen limyè?
Why do some stars look so bright in the sky, while others are just tiny dots of light?


Di li / Say It:
Briye / Glow

Esplike li / Explain It:
Briye se klere ak yon limyè fò lè anpil chalè pwodui.
To glow is to shine with a bright light from being very hot.

Pale de li / Talk About It:
Ki bagay lakay ou ki briye lannuit?
What are some things that glow in your home at night?


Di li / Say It:
Fòm / Shadow

Esplike li / Explain It:
Yon lonbraj se yon fòm nwa ki parèt lè yon bagay bloke limyè ki soti nan yon sous limyè tankou solèy la.
A shadow is the dark shape made when something blocks light from a light source like the sun.

Pale de li / Talk About It:
(Ou ka bezwen yon lanp oubyen yon flach). Kisa ki fè yon lonbraj vin pi gwo oubyen pi piti?
(You may need a lamp or flashlight). What makes a shadow get bigger? Smaller?