Bati Lè Swa / Building at Night

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Konstriktè itilize zouti ak machin espesyal pou yo fè travay yo.
Builders use special tools and machines to do their job.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Pale m de diferan machin ke travayè konstriksyon itilize nan yon chantye.
Tell me about the different machines construction workers use at a construction site.

Amizman Lakay
Fun at Home

Pran pòz ou se yon enjenyè. Fè desen yon bilding pou kominote w. Pale m de bilding ou desine a. 
Pretend to be an engineer and draw or design a building for your community. Tell me about the building you designed.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Enjenyè / Engineer

Esplike li / Explain It:
Yon enjenyè se yon moun ki planifye e desine bilding, sistèm, oubyen machin. 
An engineer is a person whose job is to plan and design buildings, systems, or machines.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de travay yon enjenyè ki nan yon chantye.
Tell me about an engineer’s job on a construction site.


Di li / Say It:
Bouldozè / Bulldozer

Esplike li / Explain It:
Yon bouldozè se yon machin ki gen yon gwo lanm ki atache devan li. Li pouse e leve tè oubyen wòch.
A bulldozer is a machine with a large blade attached to the front that pushes or lifts soil or rocks.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa yon travayè nan yon chantye ta itilize yon bouldozè? Kisa yon bouldozè ta ka ede yo fè?
Why would a worker at a construction site use a bulldozer? What could a bulldozer help them do?


Di li / Say It:
Machin pou leve / Crane

Esplike li / Explain It:
Yon machin pou leve se yon machin ak yon bra long ki kapab bouje anlè, anba, oubyen ki ka virewon pou leve bagay lou.
A crane is a machine with a tall arm that can move up and down or around in circles to lift and move heavy objects.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa yon travayè nan yon chantye ta itilize yon machin pou leve? Kisa yon machin pou leve ta ka ede li fè?
Why would a worker at a construction site use a crane? What could a crane help them do?