Swiv Enstriksyon/Following Directions

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Swiv enstriksyon ede nou aprann e sa ede nou jwi tan ke nou pase nan kindègadenn.
Following directions help us to learn and have fun at preschool.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Ki kalite règ nou genyen nan kindègadenn ki ka ede nou aprann?
What are some of the rules we have in preschool that help us to learn?

Amizman Lakay
Fun at Home

Bay pitit ou enstriksyon pou yo ka bati yon tou. Itilize blòk oubyen bwat ki lakay ou. Mande pitit ou kijan sa te ye lè yo t’ap koute e swiv enstriksyon. Lè w pa konprann yon bagay, kisa w ka fè?
Provide your child with directions to build a tower. Use blocks or boxes at home. Ask your child what it was like to listen and follow directions. When you don’t understand something, what can you do?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Aprann / Learn

Esplike li / Explain It:
Aprann se lè w vin konnen yon bagay nan etid oubyen pa eksperyans.
To learn is to get to know something through study or experience.

Pale de li / Talk About It:
Kisa w panse timoun yo ap aprann?
What do you think the children are learning about?


Di li / Say It:
Oratè / Speaker

Esplike li / Explain It:
Yon oratè se yon moun k’ap pale.
A speaker is a person that is talking.

Pale de li / Talk About It:
Kiyès ki oratè a nan foto sa? Kijan ou fè konnen?
Who is the speaker in this photo? How do you know?


Di li / Say It:
Enstriksyon / Directions

Esplike li / Explain It:
Enstriksyon se enfòmasyon sou kijan yon bagay dwe fèt.
Directions are information on how to do something.

Pale de li / Talk About It:
Kijan enstriksyon ede nou aprann?
How do directions help us to learn?