Bebe Zannimo/Animal Babies

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Zannimo majè pwoteje bebe yo, nenm jan fanmi w pwoteje e pran swen ou.
Adult animals protect their babies, just like your family protects and takes care of you!

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan chat ak chyen majè sanblab ak paran imèn? Kijan yo pwoteje bebe yo?
How are adult cats and dogs similar to human parents? How do they protect their babies?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache ozalantou katye w e ede timoun ou chache granmoun oubyen zannimo majè k’ap pran swen bebe yo. Dekri kijan granmoun yo oubyen zannimo majè yo ap pran swen, oubyen pwoteje, bebe yo.
Take a walk around your neighborhood and help your child look for adults (humans and animals) taking care of their babies. Describe how the adults are caring for, or protecting, their babies.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Granmoun, majè / Adult

Esplike li / Explain It:
Yon granmoun oubyen zannimo majè se yon moun oubyen yon zannimo ki fin grandi.
An adult is a person or animal who is done growing.

Pale de li / Talk About It:
Kijan yon granmoun oubyen yon zannimo majè pran swen bebe yo?
How does an adult take care of their babies?


Di li / Say It:
Kale / Hatch

Esplike li / Explain It:
Kale vle di soti nan yon ze. Ti bebe tòti yo ap kale sot nan ze yo.
To hatch means to come out of an egg. The baby turtles are hatching from their eggs.

Pale de li / Talk About It:
Kijan ou fè konnen ti bebe tòti sa yo fenk kale?
How can you tell these baby turtles just hatched?


Di li / Say It:
Pwoteje / Protect

Esplike li / Explain It:
Pwoteje vle di kenbe yon bagay an sekirite. Manman poul la a ap pwoteje ti poul li yo lè li kenbe yo tou pre kò li.                                                                                 
Protect means to keep something safe. The mother hen is protecting her chicks by keeping them close to her body.

Pale de li / Talk About It:
Kijan zannimo majè pwoteje bebe yo?
How do adult animals protect their babies?