Fè Egzèsis / Exercising

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Kò nou bezwen egzèsis.
Our bodies need exercise.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa nou konnen de egzèsis? Ki kalite egzèsis nou ka fè lakay nou oubyen nan lakou rekreyason?
What do we know about exercise? What are some exercises we can do at home or on the playground?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Ale nan yon lakou rekreyason oubyen nan jimnazyòm nan e fè kèlke egzèsis ansanm. Dekri kijan egzèsis ede kò nou.
Take a trip to the playground or gym and complete some exercises together. Describe how exercising helps our bodies.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Egzèsis / Exercise

Esplike li / Explain It:
egzèsis se fè mouvman ak kò w pou w vin djanm. Kouri ak naje se bon jan pou fè egzèsis.
Exercise is to move parts of your body to become strong and healthy. Running and swimming are good ways to exercise.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite egzèsis ou pi renmen?
What is your favorite type of exercise?


Di li / Say It:
Kòd pou sote / Jump Rope

Esplike li / Explain It:
Yon kòd pou sote se yon kòd ki kenbe nan chak pwent e ki pase anlè tèt e anba pye pandan yon moun ap sote. Kòd pou sote sèvi pou fè egzèsis oubyen kòm jwèt.
A jump rope is a rope held at each end and swung under the feet and over the head as a person jumps. Jump ropes are used for exercise or as a game./

Pale de li / Talk About It:
Dekri kisa kò li ap fè lè li sote kòd
Describe what her body is doing when she jumps rope?


Di li / Say It:
Sèvo / Brain

Esplike li / Explain It:
Sèvo a se pati kò a ki kontwole mouvman nou ak panse nou.
The brain is the part of our body that controls our movements and thoughts.

Pale de li / Talk About It:
Kisa sèvo nou fè?
What does our brain do?