Grenn Bwadchenn ak Nwa / Acorns and Nuts

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Gen pye bwa ki grandi sot nan grenn ki rele bwadchenn.
Some trees grow from seeds called acorns.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kijan pye bwa grandi sot nan grenn bwadchenn?
How do trees grow from acorns?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Fè yon ti mache nan katye w e chache grenn bwadchenn. Dekri grenn yo. Konbyen grenn bwadchenn ou ka jwenn? 
Take a walk around your neighborhood and look for acorns. Describe the acorns. How many acorns can you find?

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Grenn bwadchenn / Acorn

Esplike li / Explain It:
Yon grenn bwadchenn se fwi yon pye bwa bwadchenn. Ekirèy ak chipmunk, yon bèt ki tankou yon ekirèy, manje grenn bwadchenn.
An acorn is the fruit of an oak tree. Squirrels and chipmunks eat acorns.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de grenn bwadchenn.
Tell me about the acorns.


Di li / Say It:
Grenn / Seed

Esplike li / Explain It:
Yon grenn se pati yon plant oubyen yon flè ki kapab pwodwi yon nouvo plant. 
A seed is a small part of a plant or flower that grows into a new plant.

Pale de li / Talk About It:
Dekri grenn yo ke moun sa ap plante.
Describe the seeds that this person is planting.


Di li / Say It:
Forè / Forest

Esplike li / Explain It:
Yon forè se yon gwo rejyon tè ki kouvri avèk anpil pyebwa ak lòt plant. Anpil zannimo viv nan forè.
A forest is a large area of land covered with many trees and other plants. Many animals live in the forest.

Pale de li / Talk About It:
Dekri forè a.
Describe the forest.