Flote e Koule/Flouting and Sinking

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Lide Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Idea

Gen bagay ki ka flote sou dlo men gen lòt ki koule.
Some objects can float on water while other objects sink.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Poukisa w panse gen bagay ki flote men gen lòt bagay ki koule?
Why do you think some objects float and other objects sink?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Chache kèlke jwèt; plen lavabo ki lakay ou ak dlo. Mande pitit ou pou li predi si bagay yo ap flote oubyen si y’ap koule. Mete bagay yo nan dlo a epi dekri sa ki pase.
Find some toys and fill up your sink at home with water. Ask your child to predict whether the object will float or sink. Place the objects in the water and describe what happens.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Flote / Float

Esplike li / Explain It:
Flote vle di rete sou dlo. Boul la ap flote sou dlo la.
Floating means to stay on top of water. The ball is floating on the water.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa w panse boul la ka flote sou dlo a?
Why do you think the ball is able to float on water?


Di li / Say It:
Koule / Sink

Esplike li / Explain It:
Koule vle di desann anban dlo. Ti wòch yo ap koule.
Sinking means to go under water. The stones are sinking.

Pale de li / Talk About It:
Poukisa w panse ti wòch yo ap koule?
Why do you think the stones are sinking?


Di li / Say It:
Naje / Swim

Esplike li / Explain It:
Naje se fè mouvman avèk kò w pou w ka pase nan dlo.
To swim means to move through water by moving parts of your body.

Pale de li / Talk About It:
Èske w renmen naje? Wi ou non? Poukisa?
Do you like to swim? Why or why not?