Polisye/Police Officers

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Polisye ede kenbe kominote a an sekirite.
Police officers help keep the community safe.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Kisa polisye konn fè pou kenbe katye nou an sekirite?
What are some ways that police officers keep our neighborhoods safe?

Anviwon Vil La
Out on the Town

Pandan w’ap pase ozalantou katye w, gade si w wè polisye ak machin polisye. Dekri jan polisye yo fè patwouy oubyen jan yo pwoteje kominote a.
As you are traveling around your neighborhood, look for police officers and police cars. Describe how the police officers are patrolling or protecting the community.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week

Image result for police officer nyc
Di li / Say It:
Polisye / Police Officer

Esplike li / Explain It:
Yon polisye se yon moun ki ede pwoteje yon kominote e ki kenbe moun an sekirite.
A police officer is someone who helps to protect a community and who keeps people safe.

Pale de li / Talk About It:
Pale m de yon lè w te wè yon polisye nan kominote w.
Tell me about a time you saw a police officer in our community.

Related image
Di li / Say It:
Fè patwouy / Patrol

Esplike li / Explain It:
patwouy vle di pase anviwon yon zòn pou veye e pwoteje l. Polisye yo ap fè patwouy nan katye a.
Patrol is to guard by making regular trips along or through. The police officers are patrolling the neighborhood.

Pale de li / Talk About It:
Si w te yon polisye, ki kote w t’ap fè patwouy?
If you were a police officer, where would you patrol? Why?

Related image
Di li / Say It:
Sirèn / Siren

Esplike li / Explain It:
Yon sirèn se yon aparèy ki fè yon bwi fò.
A siren is a warning device that makes a loud, piercing noise.

Pale de li / Talk About It:
Kijan sirèn ede kenbe moun an sekirite?
How do sirens help keep people safe?