Cheni ak Papiyon/Caterpillars and Butterflies

Kisa N’ap Aprann Semèn Sa?
What Are We Learning This Week?

Cheni se ensèk espesyal paske gen cheni ki tounen papiyon.
Caterpillars are special insects because some caterpillars change into butterflies.

Kesyon Prensipal Pou Semèn Sa
This Week’s Big Questions

Pale m kijan yon cheni tounen yon papiyon.
Tell me about how a caterpillar changes into a butterfly.

Anviwon Vil La
Out on the Town

Pandan w’ap mache oubyen kondwi nan katye w, chache cheni ki atè a oubyen ki nan pye bwa ak lòt plant. Chache papiyon nan syèl la oubyen sou flè. Ede timoun ou dekri toulede.
As you walk or drive through your neighborhood, look for caterpillars on the ground or on trees or other plants. Also, look for butterflies in the air or on flowers. Help your child describe both insects.

Montre m! Mo Nou Pou Semèn Nan
Show Me! Our Words of the Week


Di li / Say It:
Cheni / Caterpillar

Esplike li / Explain It:
Yon cheni se yon bèt piti ki gen yon kò long e anpil pye. Li manje fèy plant e pi ta nan vi li, li tounen yon papiyon.
A caterpillar is a tiny animal with a long body and many legs, that feeds on the leaves of plants and later changes into a butterfly.

Pale de li / Talk About It:
Dekri cheni an. Poukisa cheni bezwen manje anpil konsa?
Describe the caterpillar. Why do caterpillars need to eat so much?


Di li / Say It:
Papiyon / Butterfly

Esplike li / Explain It:
Yon papiyon se yon ensèk ki vole. Li gen kat gwo zèl ki gen koulè briyan sou yo.
A butterfly is a flying insect with four large wings that often have bright colors.

Pale de li / Talk About It:
Dekri zèl papiyon an.
Describe the butterfly’s wings.


Di li / Say It:
Ze / Egg

Esplike li / Explain It:
Yon ze se yon bagay oval ki genyen ladan li sa ki kapab yon ti zwazo, reptil, ensèk, oubyen yon lòt bèt. Gen ze ki sèvi kòm manje.
An egg is an oval object that contains what may become a young bird, reptile, insect, or another animal. Some eggs are used as food.

Pale de li / Talk About It:
Ki kalite zannimo oubyen ensèk ki kale sot nan ze?
What animals or insects hatch out of eggs?